Nègès Da kite sa tout bon vrè
31 janv. 2022
Kiyès ki pa sonje Dalanchika Malbranche, Nègès Da? Jou ki te 21 janvier 2021, kèk jou avan l gen nèf lane sou latè, Da mouri. Lanmo ti flè ki te konn pote anpil cham ak anbyans sou paj Facebook Thòy’Art frape Me Thibeaud Jean Louis Hervé. Li te renmen lè Da ap chante, li te renmen lè Da ap di bèl tèks. Se te wololoy. Sansibilite powèt li pouse l ekri powèm sila a pou l salye yon zetwal ki file.